|
Ayisyen Frè ak se nou yo Sa ki Potoprens, tankou nan provens, Se nou tout k’ap soufri, Se nou tout ki pèdi, Nou pèdi fanmi nou, Nou pèdi zanmi nou, Nou pèdi byen nou, Nou pèdi Nou prèt pou pèdi kouray Men nou pa gen dwa pèdi lespwa ak lafwa nou nan Bondye Sa k’ap detwi moun se pa volonte Bondye Laperèz pa volonte Bondye pa nou an Menm si labib pale de katastròf avan finisman tan yo, Paske se pa Bondye ki vle yo, li vle sèlman avèti nou Pou nou kapab prepare kè nou. Se travay sa a legliz la gen misyon pou l’ fè bò kote nou. Nou menm evèk an Ayiti yo, nou pèdi youn nan nou, nou pèdi pè, mè, frè, seminaris, ak pwòch kolaboratè nou. N’ap soufri, men nou p’ap dekouraje, Anpil legliz nou kraze, nou pran gwo kou, men travay nou ap kontinye. Nou p’ ap lage nou e nou p’ap janm lage nou paske : « moun se chimen Bondye .» « Kè kontan Bondye se lè tout moun sou tè a byen kanpe » Legliz vle soutni nou kenbe djanm - L’ap chèche sekou prese prese pou ede nou : Pou ede nou jwenn swen lasante Pou ede nou jwenn enpe dlo, moso manje, Pou ede nou jwenn soulajman pou konsyans nou N’ ap profite di nou : pinga pèson moun kwè ke se fòt pa yo, ou byen fòt pa yon lòt si bagay sa yo rive Menm si anpil legliz kraze, men pawas yo la, yo pa kraze, yo kanpe chak kote pèp Bondye a rasanble. Pè yo ap akonpanye nou. Yo kontan wè kijan youn ap konsole lòt Malgre tout lapenn nou, nou paka pa jwenn yon ti soulajman lè nou wè kijan youn ap pran swen lòt, Kijan youn ap pataje ak lòt Nou domi ansanm, nou lapriyè ansanm Tou sa fè kè Bondye kontan anpil e li va beni nou, L’ap proteje nou Pinga nou kite okenn move lide, ni lanbisyon, ni desespwa ak dekourajman chaje tèt nou ak kè nou. Jezikri p’ap janm lage nou Se sa li promèt nou : « mwen menm m’ap avèk nou toulèjou jous denye bout tan yo » Nou konnen nou p’ap ka swiv li san nou pa pote kwa nou. Men nou konnen tou si nou soufri avèk li, avèk li nou va gen laviktwa, Si nou mouri avèk li, avèk li nou va viv. Se pou Bondye resevwa lakay li tout frè ak sè nou yo ki pati kite nou. Se pou tout moun ki blese nan kò yo avèk nan kè yo, jwenn sekou lagras Bondye, ak sekou nan men frè yo. Se pou manman Pèpetyèl Sekou ki pa janm lage nou kontinye veye sou tout pèp Ayisyen. ---------------------------------------------------------------------- Mesaj sa soti le 15 janvye 2010
Recommandez (0) | Citez cet article sur votre site | Pages vues: 440
Seuls les utilisateurs enregistrés peuvent laisser un commentaire. SVP, connectez vous ou enregistrez vous. Powered by AkoComment Tweaked Special Edition v.1.4.6 AkoComment © Copyright 2004 by Arthur Konze - www.mamboportal.com All right reserved |