Mesaj jèn yo nan okazyon dezyèm kongrè nasyonal Pastoral Jèn yo OKAP 2007
1- Soti 19 pou rive 23 jiyè 2007, nan Achidyosèz Okap, nan yon anbyans lapriyè, kè kontan, 6 mil jèn ki  kongrè nasyonal Pastoral Jèn yo OKAP 2007 soti nan nèf dyosèz peyi a te patisipe nan dezyèm kongrè nasyonal pastoral jèn yo. Frè n ak sè n yo, apre anpil brase lide ak kesyon sou tèm kongrè a ki se « Jèn yo, ak fos Lespri Sen an, ann mache avèk Jezi », nou menm jèn yo, nou pran anpil plezi pou nou voye mesaj sa a, espesyalman pou tout lòt jèn ki se fòs peyi a. Mesaj la rakonte sa nou te viv, jan nou konprann sitiyasyon jèn yo, sa nou swete ak angajman nou pran yo. Powered by AkoComment Tweaked Special Edition v.1.4.6 AkoComment © Copyright 2004 by Arthur Konze - www.mamboportal.com All right reserved
2. Sa nou viv Kongrè sa a pèmèt nou viv anpil bèl moman ak bèl eksperyans. Se vre nou te soti nan tout dyosèz peyi a, men lè youn te jwenn ak lot pa t gen diferans nan mitan nou. Akèy nou jwenn nan fanmiy yo montre tout bon vre nou se frè ak sè. Kongrè sa a fè nou viv bon relasyon ki genyen ant pastè nou yo ak nou menm jèn yo, yon fason pou nou GAYE BON Nouvèl la. Panèl yo (chita tande) te pèmèt nou poze anpil bèl kesyon e pèmèt nou konnen anpil bagay sou Legliz ak sosyete a. Nan fomasyon katechèz yo , nou wè tout bon vre kijan nou dwe mache dèyè Jezi nan viv Pawol li, renmen li nan lòt yo epi pale laverite ; se sa kretyen vle di. Paske yon kretyen se pa sèlman yon moun ki nan yon relijyon. 3. Nou Konprann Sitiyasyon Nou Nou konprann sa ki fè kè nou kontan, sa ki fè kè nou sere.
Nan peyi a ak nan sosyete nou an, gen anpil bagay ki pou fè nou gen kè kontan : i) lè nou patisipe nan aktivite kominote nou, ii) lè nou jwenn lanmou, konfyans, ak bon ankadreman bò kote paran nou yo iii) lè nou evolye nan yon anbyans dialog, nan respè youn pou lòt
Kè nou sere: i) lè nou pa jwenn ankadreman legliz la, paran yo, ak sosyete a ii) chak fwa nou pa jwenn espas pou devlope kapasite nou iii) lè n ap soufri ak maladi ki pa gen tretman iv) chak fwa yo eksplwate nou oubyen imilye nou.
Malgre tout okazyon sa yo ki fè kè nou sere, ki ta dekouraje nou, gen rezon pou nou kenbe esperans nou fèm. Nou kwè nan Bondye k ap pwoteje nou. Rèv nou yo kapab tounen reyalite, move sitiyasyon yo kapab chanje pou vin miyò.
4. Sa nou swete Rèv nou yo, se chanje sitiyasyon nap viv jodi a. Nou menm jèn kretyen katolik, nou vle travay pou chanjman ka fèt nan sosyete a. Pou sa rive fòk nou genyen : edikasyon, sante, respè, travay. Nou ta swete jwenn konkou paran nou yo, Legliz la ak leta nan zafè sekirite nan kote n ap viv yo.
5. Angajman nou pran yo Nou konprann sans konvokasyon pastoral jèn yo. Nou reflechi e nou pran kèk angajman ke nou vle kenbe : a) Nou vle kenbe lafwa nou, jete tout sa ki kenbe nou lwen Jezi : Nou deside rete fidèl epi respekte direksyon Legliz la ban nou. Nou deside viv kòm misyonè angaje, patisipe nan tout aktivite Legliz la. Nou deside pou youn veye sou lòt, pou nou kenbe konduit nou. Nou vle aprann konnen Legliz la pi plis pou okenn moun lot relijyon pa chèche vire lòlòj nou. b) Nou vle konsève valè pozitif nou yo Nou pran angajman pou nou travay pou gen fratènite, respè, jistis, lapè, renmen ak solidarite nan mitan tout jèn nan peyi a. c) Nou deside kenbe flanbo lapriyè a, kontinye patisipe nan ede lòt yo dekouvri Jezi-Kri pi plis nan lavi yo d) Nou konprann eta anviwonman peyi nou an e nou angaje tèt nou pou pwoteje l.
6. Envitasyon Apre sa nou sot viv nan kongrè a, ak angajman nou sot pran yo, nou bezwen kolaborasyon tout moun. Se poutèt sa nou envite : o Tout jèn peyi Dayiti, san distenksyon pou fè yon sèl nan lapriyè e pou nou pran konsyans de tout sa ki anpeche nou viv vokasyon nou tankou jèn kretyen. o Paran nou yo, nou bezwen konsèy ak konkou nou , nan tout desizyon enpòtan nan lavi nou. o Pastè nou yo, kontinye akonpanye nou nan kalite aktivite sa yo, pou nou toujou kenbe lafwa nou byen fèm. Tout reskonsab peyi a, ranpli misyon nou , tankou nan zafè lekol, kreye inivèsite, mete travay .
Kounye a jèn yo, an nou pran kwa misyon nou nan yon angajman, pou nou ka mache avèk Jezi sou chemen Lesperans lan.
Okap, jou ki 22 jiyè 2007
Delege pastoral jèn yo nan 9 dyosèz peyi Dayiti. [Cliquer ici pour voir l'Album Photos - CPJ - Cap-Haitien 2007] |